Sa fe lontan depi konsyans pep sa nan fenwa. Sa fe lontan depi rayiman, jalouzi ak movez anbisyon abite nan ke nasyon sa. Sa fe lontan depi konpasyon ak lanmou egzilel de nou. Men sa fe tro lontan depi povrete rete sel wa kap manifeste fyetel sou te D'Ayiti. 

Telman gen febles bo lakay, povrete menm vle pou deklare tet li avi sou sol D'haiti--nan figi tout Ayisyen. Povrete ap vale teren an Ayiti, li pa menm jwenn ase defande pou mete frin nan destriksyonl.
Povrete vini an plizye fom: timoun lage nan pwostitisyon e paran apwouve sa, manman vann timoun yo pou lajan san regre, pousye sevi nou makiyaj, fatra tounen dekorasyon, machann menm chita bo pil fatra sa pou vann pwodwi vant, move zodel sevi nou pafin e dirijan yo aksepte "free bargain" sa. Nan katye pi pov yo, fatra se dezyem drapo fyete kap flote.
![]()
Povrete sa menm kreye yon fenomen ki inkwayab. Nan katye pi pov yo, wap jwenn timoun kap chache 'manje' ansanm ak chen e kochon sou pil fatra (Bondye, voye jew sou yo). Toussaint Louverture te sakrifye vil pou ban nou Ayiti. Pou kounya, timoun kap mete pye sou sol D'Ayiti pral trouve yon kado derespektab ke Generasyon sa ak generasyon ansyen yo kite pou yo.
Povrete D'Ayiti bay anpil ti malerez yon viza pou yal nan peyi san chapo: li fe yo kwe ke yo pral Mayami men poutan se vyann yo pral tounen nan kannte pou reken ka piyafe. Sak fe mal la seke genyen ki vann tout sa yo genyen poutan pye yo pa janm touche te Meriken. Sak pa fe nofraj sanwont pase chen--se yon lot okazyon yap tann.
Povrete sa menm antere konsyans ak sansibilite nou nan sekey vyolans ki vin koz nou pedi bon sans nou--timoun a revolve, neg a vye anbisyon sevi ak timoun sa yo pou fe vye aksyon ak zak kriminel.
Tout timoun sa yo ki fin pedi nan yon vi imoral, tout zotobre kap sevi ak yo nan yon fason malonet, tout dirijan ki konprann yo te pran pouvwa pou reponn ak bezwen poch yo selman, tout lougawou kap rann lavi a inposib, tout moun ki gen yon ke kriminel, tout moun ki bay lajan vale pase lavi, tout moun kap chante krenadye a la so...., jodi a an nou plante lanmou, sajes, tandres, ak generozite nan ke nou poun sove Ayiti.
Milat, Nwa, Rich ak pov toujou rekonet ke nou se yon sel pep, yon sel nasyon e nou vlope ansanm anba drapo zanset nou yo te sakrifye vi yo pou kite pou nou.
Tet ansanm pou rekonstri Ayiti! 